
Par Pierre Wilkens CHERISME
Chak fwa majinalite mennen nan militarizasyon enfòmèl, Sosyoloji dwe ale pi fon pase eksplikasyon militè oswa kriminalis yo. Se wòl analiz sosyolojik la pou konprann rasin sosyal, politik, ekonomik ak istorik ki fè jèn ak timoun pran zam nan diferan espas an Ayiti.
Sou baz sa a, ameman jèn yo pa dwe konprann sèlman kòm konsekans majinalite. Li nesesè egzamine rezo pouvwa, enfliyans ak relasyon ki pèmèt gwoup ame yo vin aktè sosyal ak politik. Lè gwoup ame jwenn sipò, resous, mikwo nan laprès, enfliyans sou rezo sosyal oswa kapasite pou kontwole aksè ak kapital la, sa soulve yon kesyon fondamantal: ki jan yon fòs enfòmèl rive konstwi tèt li kòm yon pouvwa?
Se poutèt sa, konsèp gwoup ame a pi itil pase etikèt tankou « bandi » oswa « gang », paske li pèmèt nou pa redui fenomèn nan ak kriminalite epi chèche sous istorik, sosyal, politik ak ekonomik li.
Max Weber bay premye kle analiz la lè li defini Leta modèn apati reklamasyon monopòl lejitim vyolans fizik sou yon teritwa. Prezans gwoup ame deyò kad enstitisyonèl la montre yon kriz nan òganizasyon monopòl sa a. Men Weber pa sifi. Si pwoblèm nan te sèlman feblès Leta, nou pa ta ka eksplike poukisa kèk espas ame plis pase lòt, poukisa jèn antre nan gwoup sa yo oswa poukisa relasyon yo ak Leta pafwa baze sou tolerans, negosyasyon ak entèdepandans.
Norbert Elias ak Charles Tilly ede nou wè monopòl vyolans lan kòm yon pwosesis istorik konstriksyon kapasite Leta. Men eksperyans Ewopeyen an pa kapab transfere mekanikman sou yon sosyete postkolonyal. Frantz Fanon ak Aníbal Quijano pèmèt nou mete kolonyalite, inegalite ak dominasyon istorik nan sant analiz la.
Foucault deplase kesyon an: li pa sèlman mande si Leta prezan oswa absan, men kijan pouvwa egzèse, pa kiyès, sou kiyès ak nan ki espas. Yon katye kote gwoup ame kontwole sikilasyon, regle konfli oswa mete règ pa nesesèman yon espas san lòd; li ka yon espas kote yon lòt fòm lòd ap konstwi.
Gramsci montre dominasyon pa fonksyone sèlman atravè fòs. Gwoup ame kapab devlope fidelite, pwoteksyon ak depandans. Konsantman sa a pa nesesèman lib; li kapab fèt anba presyon ak absans altènativ. Bourdieu, bò kote pa l, montre zam pou kont li pa sifi: pouvwa mande lajan, rezo, enfòmasyon, koneksyon politik ak kapital sosyal. Aktè ame a ka konsa okipe yon pozisyon nan yon Chan pouvwa lokal.
Men yon lòt kesyon rete: ki moun ki vin aktè ame a? Literati sou timoun sòlda ak jèn konbatan ann Afrik, avèk Alcinda Honwana, David Rosen, Krijn Peters, Paul Richards, Scott Gates, Sukanya Podder, Mats Utas, Christopher Blattman ak Jeannie Annan, montre jèn yo pa dwe konsidere ni kòm viktim pasif ni kòm aktè totalman lib. Yo pran desizyon, men desizyon sa yo fèt anba kontrent. Se poutèt sa agency pa dwe konfonn ak libète.
Konsèp waithood Honwana a ede konprann kondisyon jèn ki bloke nan tranzisyon ant adolesans ak adilt, san travay, estabilite oswa avni. Men li pa yon koz otomatik vyolans. Li dwe mete an relasyon ak ekonomi ilegal, maskilinite, teritwa, rekritman, rezo sosyal ak feblès enstitisyonèl.
Loïc Wacquant ajoute konsèp « marginalité urbaine » ki montre kijan segregasyon, estigma, inegalite ak retrè kèk sèvis kapab konsantre nan katye popilè. Men majinalizasyon kreye yon tèren estriktirèl; li pa eksplike pou kont li poukisa yon moun pran zam.
Literati sou gang ann Amerik Latin, avèk Dennis Rodgers, Adam Baird, Gareth Jones, Verónica Zubillaga ak Graham Denyer Willis, montre gwoup ame yo ka òganize idantite, teritwa, relasyon sosyal ak fòm lòd. Sa fè nou pase opozisyon senp « Leta kont gang » pou rive nan lide yon konfigirasyon pliryèl pouvwa.
Nan ka Ayiti, analiz la dwe genyen yon pwofondè istorik. Lame endijèn nan ak mas esklavize yo te montre depi Endepandans lan kijan zam te kapab asosye ak liberasyon. Mawonaj la te pwodwi lòt fòm rezistans ame. Pita, okipasyon ameriken an te chèche dezame peyizan yo nan yon kontèks kote kesyon zam lan te gen dimansyon politik ak jewostratejik.
Apre ane 1990 yo, katye popilè yo te antre nan yon nouvo dinamik militarizasyon, okòmansman asosye ak milis Lavalasyen ak reyaksyon kont koudeta ak represyon. Apre sa, enstrimantalizasyon politik katye yo ak transfòmasyon ekonomi politik la te kontribiye nan evolisyon gwoup ame yo. Apre tranblemanntè 2010 la ak monte PHTK, fenomèn nan pran plis fòm mafye; gwoup yo kòmanse òganize, elaji teritwa yo epi devlope yon minimòm otonomi. Nan kontèks G9 la , Viv ansanm ak lòt estrikti, kidnapping, trafik zam ak lòt ekonomi ilegal vin bay kapasite finansye ak operasyonèl.
Kidonk, postila majinalite a pa nesesèman fo, men li pa sifizan. Ayiti pa sèlman ap fè fas ak jèn majinalize oswa ak « banditis »; li ap konfwonte yon fenomèn kote kriminalite òganize, ekonomi ilegal, pouvwa politik, relasyon sosyal, teritwa ak feblès oswa enstrimantalizasyon enstitisyonèl antre nan menm konfigirasyon sistèm peze souse a.








